4
Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn
a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.
Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo
va kouri kon dlo pou rive kote l.
Anpil nasyon va vin di:
“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,
lakay Bondye Jacob la,
pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo
e pou nou ka mache sou pa Li yo.”
Paske depi nan Sion, lalwa va sòti
e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran
desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.
Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha
pou laboure latè yo,
ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e
p ap aprann fè lagè ankò.
Men yo va fè chak moun chita anba chan
rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.
Pèsòn p ap fè yo pè:
paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
Malgre tout pèp yo mache
nan non dye pa yo, pou nou menm,
nou va mache nan non SENYÈ Bondye
nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,
“Mwen va rasanble moun bwate yo,
e Mwen va reyini moun rejte yo,
ak sa ke M te aflije yo.
Mwen va fè moun bwate yo
vin yon retay, e moun rejte yo
vin yon nasyon pwisan;
Konsa, SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion
depi koulye a rive jis pou tout tan.”
A nou menm, wo tou bann mouton an,
mòn fi Sion an,
sou ou menm, li va retounen.
Wi, menm ansyen pouvwa a,
wayòm nan de fi Jérusalem nan.
 
Alò, poukisa ou rele anmwey konsa?
Èske pa gen wa pami nou?
Èske konseye nou an fin peri?
Kite gwo doulè a sezi nou
kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
10 Se pou ou vin an doulè,
doulè pou pouse fè pitit
fi a Sion an,
kon yon fanm ki ansent;
paske koulye a, ou va sòti nan vil la
pou rete nan chan,
e ou va ale menm nan Babylone.
La, ou va delivre.
La, SENYÈ a va rachte ou,
soti nan men ènmi ou yo.
 
11 Epi koulye a, gen anpil nasyon
ki rasanble kont ou k ap di:
“Kite li fin souye nèt,
e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
12 Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a,
ni yo pa konprann bi Li a;
paske Li te ranmase moun sa yo,
kon pakèt sereyal yo,
pou pote sou glasi vannen an.
13 Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an!
Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,
e zago ou kon yon zago an bwonz.
Ou va bat an mòso anpil pèp,
pou ou kapab konsakre a SENYÈ a
tout richès enjis pa yo,
ke nou ranmase ak tout byen pa yo,
bay SENYÈ tout latè a.
 
4:1 És 2:2-4; Sòm 22:27 4:2 És 2:3; Sòm 25:8,9,12 4:3 És 2:4 4:3 Jl 3:10 4:4 I Wa 4:25; Lev 26:6 4:5 Za 10:12 4:6 Sòm 147:2 4:7 Mi 5:7,8 4:7 És 24:23 4:8 Sòm 48:3,12 4:8 És 1:26 4:9 Jr 8:19 4:9 És 3:1-3 4:10 II Wa 20:18 4:10 És 43:14 4:11 És 5:25-30 4:12 Sòm 147:19,20 4:13 És 41:15 4:13 Jr 51:20-23