5
Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo. Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li. Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn. Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l. Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.
Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L. Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”
Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!” Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?”
Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.” 10 Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.
11 Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan. 12 Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”. 13 Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.
14 Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a. 15 Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent. 16 Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo. 17 E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.
18  Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.” 20 Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.
21 Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a. 22  Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li. 23 Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.” 24 Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.
25 Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26 E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò. 27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28 Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”. 29 Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.
30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
31 Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’ ”
32 Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.
33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.
37 Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques. 38 Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tènten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”. 39 Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.
40 Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a. 41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi. 43 Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.
5:1 Mat 8:28-34 5:2 Mc 3:9 5:7 Mat 8:29 5:7 Luc 8:28 5:9 Mat 26:53 5:15 Luc 8:35 5:15 Mc 5:9 5:16 Mat 4:24 5:17 Mat 8:34 5:18 Luc 8:38-39 5:19 Luc 8:39 5:20 Sòm 66:16 5:20 Mat 4:25 5:21 Mc 4:36 5:21 Mc 4:1 5:22 Mat 9:18-26 5:23 Mc 6:5 5:29 Mc 3:10 5:30 Luc 5:17 5:34 Mat 9:22 5:34 Luc 7:50 5:35 Mc 5:22 5:36 Luc 8:50 5:37 Mat 17:1 5:38 Mc 5:22 5:41 Luc 7:14 5:43 Mat 8:4