NAHUM
1
1 Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la. 2 Yon Dye ✡jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. 3 SENYÈ a ✡lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. 4 Li ✡Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. 5 Mòn yo ✡tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. 6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte ✡chalè kòlè Li? Se tankou dife ✡kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso. 7 SENYÈ a ✡bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo. 8 Men tankou yon ✡inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa. 9 Nenpòt panse nou konn ✡fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa ✡nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa. 10 Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va ✡ vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt. 11 Nan ou, te sòti yon moun ki te ✡ fè move konplo kont SENYÈ a, yon ✡konseye mechan.
12 Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va ✡vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou ✡ankò. 13 Pou sa, koulye a, Mwen va ✡kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.”
14 SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: ✡“P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.”
15 Gade byen, ✡sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.
✡ 1:2 Egz 20:5; Det 32:35,41 ✡ 1:3 Egz 34:6,7 ✡ 1:4 Jos 3:15,16; És 33:9 ✡ 1:5 Egz 19:18; És 24:1,20 ✡ 1:6 És 13:13 ✡ 1:6 És 66:15 ✡ 1:7 Sòm 25:8 ✡ 1:8 És 28:2,17 ✡ 1:9 Sòm 2:1 ✡ 1:9 És 28:22 ✡ 1:10 És 5:24 ✡ 1:11 És 10:7-11 ✡ 1:11 Éz 11:2 ✡ 1:12 És 10:16-19,33,34 ✡ 1:12 Lam 3:31,32 ✡ 1:13 És 9:4 ✡ 1:14 Job 18:17; Éz 32:22 ✡ 1:15 És 40:9