23
Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.” Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”
Konsa, SENYÈ a te mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.”
Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo. Balaam te pran diskou li, e te di:
“Depi nan Aram, Balak te mennen m,
wa Moab ki soti nan mòn Lès yo.
‘Vin modi Jacob pou mwen.
Vin denonse Israël!’
Kijan mwen kapab modi,
lè Bondye pa t modi?
Epi kijan mwen kapab denonse
sila ke SENYÈ a pa t denonse?
“Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo,
e mwen gade li depi sou kolin yo.
Gade byen, yon pèp ki rete apa,
ki p ap kab konte pami nasyon yo.
10  Kilès ki kab konte pousyè a Jacob,
oswa konte menm yon ka an Israël?
Kite mwen mouri lanmò a jis yo,
pou lafen pa mwen an tankou pa li.”
 
11 Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
12 Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”
13 Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.” 14 Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
15 Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
16 Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”
17 Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”
18 Alò, li te pran diskou li. Li te di:
 
“Leve ou menm, O Balak, pou tande!
Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!
19  Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
20 Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni.
Lè se Li menm ki beni,
alò, mwen p ap kab revoke sa.
21 Li pa t wè malè nan Jacob,
ni Li pa t wè twoub nan Israël.
SENYÈ a, Bondye li a avè l,
epi gran vwa a yon wa pami yo.
22  Bondye mennen yo sòti an Égypte.
Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.
23  Paske, nanpwen wanga kont Jacob,
ni pa gen divinasyon kont Israël.
Nan tan etabli a, li va pale a Jacob,
e a Israël de sa Bondye te fè a!
24  Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon,
tankou yon lyon li leve li menm.
Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan,
pou l bwè san a sila li touye a.”
 
25 Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
26 Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
27 Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.” 28 Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.
29 Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.” 30 Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
23:5 Det 18:18 23:7 Nonb 22:12 23:8 Nonb 22:12 23:9 Det 32:8 23:10 Jen 13:16 23:11 Né 13:2 23:12 Nonb 22:20 23:16 Nonb 22:20 23:19 I Sam 15:29 23:20 És 43:13 23:21 Egz 3:12 23:22 Nonb 24:8 23:23 Nonb 22:7 23:24 Jen 49:9 23:26 Nonb 22:18