34
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.
“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè.
“ ‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.
“ ‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
10 “ ‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. 11 Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la. 12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’ ”
13 Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. 14  Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. 15 De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17  “Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. 18 Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
19 “Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.
20 “Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
21 “Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. 22 Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
23 “Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
24 “Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
25 “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
26 “Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
27 “Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
28 “Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
29 Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.
34:2 Jen 17:8 34:3 Jos 15:1-3 34:4 Nonb 32:8 34:5 Jos 15:4 34:7 Éz 47:15-17 34:8 Jos 13:5 34:11 II Wa 23:33 34:11 Det 3:17 34:13 Det 11:24 34:14 Nonb 32:33 34:17 Jos 14:1-2 34:19 Nonb 13:6-30 34:20 Jen 29:33 34:21 Det 33:12