SÒM YO
Liv I
1
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
Mechan yo pa konsa.
Yo tankou pay ke van an pouse ale.
Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
Paske SENYÈ a konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.
1:1 Pwov 4:14 1:2 Sòm 119:14-35 1:2 Jos 1:8 1:3 Sòm 92:12-14 1:4 Sòm 5:5 1:5 Sòm 9:7,8,16 1:6 Na 1:7