116
Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
Reprann repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
Mwen va mache devan SENYÈ a nan
peyi moun vivan an.
10 Mwen te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
“Tout moun se mantè”.
12 Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
13 Mwen va leve wo koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
14 Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a!
15  Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin lache kòd mwen yo.
17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18 Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
19 Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!
116:2 Sòm 17:6 116:4 Sòm 17:13 116:5 Egz 34:6 116:6 Sòm 19:7 116:7 Jr 6:16 116:8 Sòm 49:15 116:9 Sòm 27:13 116:10 II Kor 4:13 116:11 Sòm 62:9 116:12 II Kwo 32:25 116:13 Sòm 16:5 116:14 Sòm 50:14 116:15 Sòm 72:14 116:16 Sòm 107:14 116:17 Lev 7:12 116:18 Sòm 116:14 116:19 Sòm 92:13