130
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
SENYÈ, koute vwa mwen!
Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,
O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
Men avèk Ou menm, gen padon,
pou moun ta gen reverans Ou.
Mwen tann SENYÈ a.
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,
mwen mete espwa m.
Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis
pase gadyen k ap tann maten rive a.
Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.
Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
130:1 Sòm 42:7 130:3 Sòm 76:7 130:7 Sòm 111:9 130:8 Sòm 103:3-4