133
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
Se tankou lwil presye ki koule sou tèt,
vin desann jis sou bab, menm bab Aaron,
vin desann rive sou kote vètman li.
Se tankou lawouze Mòn Hermon
ki vin desann sou mòn Sion nan;
paske la, SENYÈ a te kòmande
benediksyon an——lavi jis pou tout tan.
133:1 Jen 13:8 133:2 Egz 29:7 133:3 Sòm 21:4