142
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè 
 
1 Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.  
Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.   
2 Mwen vide plent mwen yo devan L.  
Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.   
3 Lè lespri m te fin bat anndan m,  
Ou te konnen chemen mwen.  
Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.   
4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.  
Nanpwen moun ki pou fè m chape.  
Nanpwen moun ki pou pran swen m.   
5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.  
Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen,  
pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”   
6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.  
Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,  
paske yo twò fò pou mwen.   
7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,  
pou m kab bay remèsiman a non Ou.  
Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,  
paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”