28
Yon sòm David
A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!
Wòch mwen an, pa vin soud devan m,
paske si Ou rete silan devan mwen,
mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.
Tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m kriye a Ou menm pou sekou,
lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.
Pa rale m sòti avèk mechan yo,
avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,
pandan mechanste nan kè yo.
Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.
Rekonpanse yo selon zèv men yo.
Remèt yo tout rekonpans pa yo.
Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo,
ni travay men Li yo.
Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
 
Beni se SENYÈ a,
akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.
Devni bèje yo tou,
e bay yo soutyen jis pou tout tan.
28:1 Sòm 83:1 28:2 Sòm 140:6 28:3 Sòm 26:9 28:4 Rev 18:6 28:5 És 5:12 28:6 Sòm 28:2 28:7 Sòm 13:5 28:8 Sòm 20:6 28:9 Sòm 80:1