48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.
Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,
nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,
se Mòn Sion nan pati nò a,
Vil gran Wa a.
Bondye te parèt nan sitadèl li yo.
La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.
Men gade, wa yo te rasanble yo.
Yo pase akote vil la ansanm.
Yo te wè li, e yo te etone.
Yo te sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
La, yo pèdi ekilib yo nèt.
Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.
Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,
nan vil SENYÈ dèzame yo,
nan vil Bondye pa nou an.
Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.
Nou te reflechi sou lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
10 Jan non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
11 Kite Mòn Sion fè kè kontan!
Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
12 Mache toupatou nan Sion e antoure li.
Konte fò wo li yo.
13 Konsidere ranpa li yo.
Antre nan palè li yo, pou ou kab
pale jenerasyon k ap vini an.
14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.
Li va gide nou jiska lanmò.
48:2 Mat 5:35 48:3 Sòm 46:7 48:4 II Sam 10:6-19 48:5 Egz 15:15 48:6 És 13:8 48:7 Jr 18:17 48:8 Sòm 87:5 48:9 Sòm 26:3 48:10 Det 28:58 48:11 Sòm 97:8 48:12 Né 3:1-27 48:13 Sòm 78:5-7 48:14 Sòm 23:4