61
Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David
Koute kri mwen, O Bondye.
Prete atansyon a lapriyè mwen.
Soti nan dènye pwent latè,
mwen rele Ou lè kè m fèb;
Mennen mwen sou wòch
ki pi wo pase m nan.
Paske Ou te yon refij pou mwen,
yon fò ki wo,
yon gran fòs kont lènmi yo.
Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.
Kite mwen pran refij anba zèl Ou.
Tan
Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.
Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.
Ou va fè lavi a wa a byen long.
Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.
Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.
Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.
61:4 Sòm 23:6 61:5 Det 28:58 61:7 Sòm 40:11