63
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,
e bouch mwen ap ofri lwanj
avèk lèv ranpli de jwa.
Lè m sonje Ou sou kabann mwen,
mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.
Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
Nanm mwen kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann jis nan fon latè.
10 Yo va livre a pouvwa nepe.
Yo va tounen manje pou rena mawon.
11 Men Wa a va rejwi nan Bondye.
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.
63:1 Sòm 42:2 63:2 Sòm 27:4 63:3 Sòm 69:16 63:4 Sòm 104:33 63:5 Sòm 36:8 63:6 Sòm 16:7 63:7 Sòm 17:8 63:8 Nonb 32:12 63:9 Sòm 55:15 63:10 Jr 18:21