69
Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David.
Sove mwen, O Bondye,
paske dlo yo fin monte jis nan kou m!
Mwen desann fon nan labou.
Nanpwen plas pou pye m kenbe.
Mwen fin rive nan dlo fon yo,
e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
Mwen fatige nèt ak kriye mwen an.
Gòj mwen sèk nèt.
Zye m varye pandan mwen
ap tann Bondye mwen an.
Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.
Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
O Bondye, Ou konnen foli mwen.
Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
Pa kite sila k ap tann Ou yo vin wont akoz mwen,
O Senyè BONDYE dèzame yo.
Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.
Dezonè fin kouvri figi mwen.
Mwen vin izole de frè m yo,
tankou yon etranje de fis a manman m yo.
Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.
Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
10 Lè mwen te kriye nan nanm mwen, e te fè jèn,
sa te vin yon repwòch pou mwen.
11 Lè m te fè twal sak sèvi kon rad mwen,
mwen te vin yon vye pawòl,
yon rizib pou yo menm.
12 Sila ki chita nan pòtay yo pale afè mwen,
e moun sòt yo fè chan sou mwen.
13 Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,
nan yon lè ki bon,
nan grandè lanmou dous Ou a.
Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
14 Delivre mwen sòti nan labou a.
Pa kite mwen fonse nèt ladann.
Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
15 Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,
ni fon an vale m,
ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;
Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
17  Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,
paske mwen nan gwo pwoblèm.
Reponn mwen vit.
18 Rale nanm mwen pre. Rachte l!
Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
19 Ou konnen repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.
Tout advèsè mwen yo devan Ou.
20 Repwòch fin kraze kè m.
Mwen vin ba nèt.
Mwen te chache pitye, men pa t genyen;
kondoleyans, men nanpwen.
21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.
22 Ke tab devan yo devni yon pèlen.
Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
23 Ke zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.
Ke do yo koube nèt.
24  Vide kòlè Ou sou yo.
Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
25 Pou kan yo kapab dezole.
Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
26 Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm te blese a.
Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.
27 Ogmante inikite sou inikite yo.
Ni pa kite yo antre nan ladwati Ou.
28 Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.
Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
29 Men mwen aflije e mwen nan doulè.
Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi leve Li wo avèk remèsiman.
31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,
ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
32 Enb yo te wè sa e yo kontan.
Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
33 Paske SENYÈ a tande malere yo,
e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
 
34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li,
lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
35 Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,
pou yo kab rete la e posede li.
36 Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.
Sila ki renmen non Li yo va rete ladann.
69:1 Job 22:11 69:2 Jon 2:3 69:3 Sòm 6:6 69:4 Sòm 35:19 69:5 Sòm 38:5 69:6 II Sam 12:14 69:9 Sòm 119:139 69:10 Sòm 35:13 69:11 Sòm 35:13 69:12 Jen 19:1 69:13 Sòm 32:6 69:14 Sòm 69:2 69:15 Sòm 124:4-5 69:16 Sòm 25:16 69:17 Sòm 27:9 69:18 Sòm 119:134 69:19 Sòm 22:6 69:20 Job 16:2 69:21 Mat 27:34-48 69:22 Wo 11:9-10 69:23 És 6:10 69:24 Sòm 79:6 69:25 Mat 23:38 69:26 És 53:4 69:27 És 26:10 69:30 Sòm 34:3 69:31 Sòm 50:13-14 69:32 Sòm 22:26 69:33 Sòm 12:5 69:34 És 55:12 69:36 Sòm 37:29