71
Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.
Pa janm kite mwen vin wont.
Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou.
Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.
Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an,
kote mwen kab vini tout tan.
Ou te pase lòd pou sove mwen,
paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen.
Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,
Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt.
Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.
Tout tan se Ou menm ke m louwe.
Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun,
men se Ou ki fò refij mwen.
Bouch mwen plen avèk lwanj Ou
ak glwa Ou tout lajounen.
Pa jete mwen akote nan tan vyeyès mwen.
Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.
Sila k ap veye pou pran lavi m yo ap pran konsèy ansanm,
11 Y ap di: “Bondye fin abandone li.
Annou kouri dèyè l, e sezi li.
Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”
12 O Bondye, pa rete lwen mwen.
O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt.
Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap chache blese mwen.
14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.
Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.
15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,
ak sali Ou tout lajounen,
menmsi mwen pa kab fin konnen
fòs valè tout jou sa yo.
16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.
Mwen va pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
17 O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen.
Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,
jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.
Ou menm ki te fè gwo bagay yo.
O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
20 Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm,
va fè m viv.
Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.
21 Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.
22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.
A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,
O Sila Ki Sen an Israël la.
23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm
pou nanm mwen ke Ou te rachte a.
24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.
Paske yo wont, yo imilye,
Sila ki te chache fè m mal yo.
71:1 Sòm 25:2-3 71:2 Sòm 31:1 71:3 Sòm 18:2 71:4 Sòm 140:1-4 71:5 Sòm 22:9 71:6 Sòm 22:10 71:7 És 8:18 71:8 Sòm 96:6 71:9 Sòm 71:18 71:10 Sòm 31:13 71:11 Sòm 3:2 71:12 Sòm 10:1 71:13 Est 9:2 71:14 Sòm 71:8 71:15 Sòm 40:5 71:16 Sòm 51:14 71:17 Det 4:5 71:18 Sòm 22:31 71:19 Det 3:24 71:20 Sòm 86:13 71:22 II Wa 19:22 71:23 Sòm 34:22