88
Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo
Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”.
Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la
O SENYÈ, Bondye sali mwen an,
Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
Kite priyè mwen vini devan Ou.
Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
Paske nanm mwen gen kont twoub li.
Lavi m vin toupre sejou lanmò a.
Mwen vin konte pami sila ki desann nan fòs yo.
Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
abandone pami mò yo, tankou sila
ki te touye e kouche nan tonm lan.
Sila a nou pa sonje ankò menm,
ki koupe retire nan men Ou.
Ou te mete m nan fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.
Kòlè Ou vin poze sou mwen.
Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo.
Tan
Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m.
Ou te fè m yon objè abominab devan yo.
Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
Zye m gen tan pouri akoz afliksyon.
Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ.
Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
10 Èske Ou va fè mirak pou mò yo?
Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj?
Tan
11 Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a?
Fidelite Ou nan labim nan?
12 Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan tenèb la?
Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?
13 Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye.
Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
14 O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen?
Poukisa Ou kache figi Ou kont mwen?
15 Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen.
Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
16 Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen.
Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.
17 Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen.
Yo ansèkle m nèt.
18 Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt,
ak zanmi m yo, nan tenèb.
88:2 Sòm 18:6 88:3 Sòm 107:18 88:4 Sòm 28:1 88:5 Sòm 31:22 88:6 Sòm 86:13 88:7 Sòm 32:4 88:10 Sòm 6:5 88:12 Job 10:21 88:14 Job 13:24 88:15 Pwov 24:11 88:16 Lam 3:54 88:17 Sòm 17:11