4
1 Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal.  
2 Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo.  
3 Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi.  
4 Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem.  
5 Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara.  
6 Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo.  
7 Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan.  
8 Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.   
9 Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”.   
10 Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.”  
Epi Bondye te bay li sa li te mande a.   
11 Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon.  
12 Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo.  
13 Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath.  
14 Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan.  
15 Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz.  
16 Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel.  
17 Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa.  
18 Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach.  
19 Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo.  
20 Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth.  
21 Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo,  
22 avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen.  
23 Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li.  
24 Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül.  
25 Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a.  
26 Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a.  
27 Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo.  
28 Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual,  
29 nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad,  
30 nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag,  
31 nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la.  
32 Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo;  
33 epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo.  
34 Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a;  
35 epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la;  
36 Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja,  
37 Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a.  
38 Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil.  
39 Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo.  
40 Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, peyi a te vast e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham.  
41 Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo.  
42 Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a.  
43 Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.