26
Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo. Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem. Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè. Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo. Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo. Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil. Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou. 10 Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil. 11 Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo. 12 Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san. 13 Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an. 14 Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo. 15 Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.
16 Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an. 17 Konsa, Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj. 18  Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”
19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an. 20 Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li. 21  Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.
22 Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo. 23 Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
26:3 II Wa 15:2-3 26:5 II Kwo 24:2 26:5 Dan 1:17 26:6 És 14:29 26:7 II Kwo 21:16 26:8 II Kwo 17:11 26:9 II Kwo 25:23 26:10 Jen 26:18-21 26:13 II Kwo 25:5 26:16 I Wa 13:1-4 26:17 I Kwo 6:10 26:18 II Kwo 19:2 26:18 Egz 30:7-8 26:19 II Wa 5:25-27 26:21 II Wa 15:5-7 26:22 És 1:1 26:23 II Kwo 21:20