34
Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem. Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch. Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo. Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kase yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo. Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem. Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo, li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.
Alò, nan di-zuityèm ane règn li a, lè li te fin pirifye peyi a avèk kay la, li te voye Schaphan, fis a Atsalia a avèk Maaséja, yon ofisye lavil la ak Joach, fis a Joachaz la, grefye a, pou repare lakay SENYÈ a, Bondye li a. Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan. 10 Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la. 11 Yo menm, te remèt li a chapant avèk mason yo pou achte wòch taye avèk gwo bwa pou travès ak bwa mare pou kay ke wa nan Juda yo te kite detwi yo. 12  Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo. 13 Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.
14 Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la. 15 Hilkija te reponn e te di a Schaphan, sekretè a: “Mwen te twouve liv lalwa lakay SENYÈ a.” Epi Hilkija te bay liv la a Schaphan.
16 Konsa, Schaphan te pote liv la kote wa a, e te bay yon rapò anplis a wa a. Li te di: “Tout sa ou te konfye a sèvitè ou yo, y ap fè l. 17 Yo deja retire lajan yo te twouve lakay SENYÈ a, e te livre li nan men a sipèvizè yo ak ouvriye yo.” 18 Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann nan, nan prezans a wa a.
19 Lè wa a te tande pawòl lalwa yo, li te chire rad li. 20 Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di: 21 “Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.”
22 Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa.
23 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Di nonm ki te voye nou kote mwen an, 24 Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a. 25 Akoz yo te abandone Mwen, e te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’ ” ’
26 “Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo, 27  akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a. 28 Tande byen, Mwen va ranmase ou a papa zansèt ou yo, e ou va ranmase a tonm ou an anpè, pou zye ou pa wè tout malè ke Mwen va pote sou plas sa a avèk pèp li a.”
Yo te pote bay wa a mesaj sila a.
29 Epi wa a te voye rasanble tout ansyen a Juda avèk Jérusalem yo. 30 Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a. 31 Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo. 32 Anplis, li te fè tout moun ki te prezan Jérusalem avèk Benjamin yo kanpe avèk li. Konsa, pèp Jérusalem la te fè selon akò Bondye a, Bondye a papa zansèt yo a. 33 Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
34:1 II Wa 22:1-2 34:2 II Kwo 29:2 34:3 I Wa 13:2 34:4 II Wa 23:4-11 34:5 I Wa 13:2 34:6 II Kwo 23:15-19 34:7 II Kwo 31:1 34:8 II Wa 22:3-20 34:9 II Kwo 30:10-18 34:11 II Kwo 33:4-7 34:12 II Wa 12:15 34:13 Né 4:10 34:14 II Kwo 34:9 34:19 Det 28:3-68 34:19 Jos 7:6 34:21 II Kwo 29:8 34:24 II Kwo 36:14-20 34:24 Det 28:15-68 34:25 II Kwo 33:3 34:27 II Wa 22:19 34:29 II Wa 23:1-3 34:30 Né 8:1-3 34:31 II Kwo 23:16 34:33 II Kwo 34:3-7