10
Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. Paske Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay bèl yo!”
16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la. 18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:
“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”
Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
 
19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:
“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;
avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
 
20 Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;
Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
 
21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”
10:2 Trav 21:20 10:3 Wo 1:17 10:4 Wo 7:1-4 10:5 Lev 18:5 10:6 Wo 9:30 10:6 Det 30:12 10:7 Eb 13:20 10:8 Det 30:14 10:9 Trav 2:24 10:11 És 28:16 10:12 Wo 3:22,29 10:13 Jl 2:32 10:14 Ef 2:17 10:14 Trav 8:31 10:15 És 52:7 10:16 És 53:1 10:17 Gal 3:2,5 10:17 Kol 3:16 10:18 Sòm 19:4 10:19 Det 32:21 10:20 És 65:1