12
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10  Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12  rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13  Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
14  Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15  Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17  Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20  “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
12:1 Wo 6:13,19 12:2 Ef 4:23 12:2 Ef 5:10,17 12:3 Wo 11:20 12:4 I Kwo 12:12-14 12:5 I Kwo 12:20,27 12:6 Wo 12:3 12:7 Trav 6:1 12:7 Trav 13:1 12:8 I Tim 5:17 12:9 II Kwo 6:6 12:10 Jn 13:34 12:11 Trav 18:25 12:11 Trav 20:19 12:12 Wo 5:2 12:12 Trav 5:14 12:13 II Kwo 9:1 12:13 Mat 25:35 12:14 Mat 5:44 12:15 Job 30:25 12:16 Pwov 3:7 12:17 Pwov 20:22 12:18 Mc 9:50 12:19 Det 32:35 12:20 II Wa 6:22