15
Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a:
“Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo,
e mwen va chante Non Ou.”
10 Li di ankò:
“Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”
11 Epi ankò:
“Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo!
Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”
12 Esaïe di ankò:
“Li va gen rasin Jessé a;
Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo.
Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21 Men jan sa ekri a:
“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,
e sila ki pa tande yo va konprann”.
22 Pou rezon sa a byen souvan mwen anpeche vin kote nou. 23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi anpil ane mwen anvi vin wè nou, 24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan. 25 Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo. 26 Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. 28 Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. 29 Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. 33 Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.
15:1 Wo 14:1 15:2 I Kwo 9:22 15:3 II Kwo 8:9 15:3 Sòm 69:9 15:4 Wo 4:23 15:5 Wo 12:16 15:6 Rev 1:6 15:7 Wo 14:1 15:8 Mat 15:24 15:9 II Sam 22:50 15:10 Det 32:43 15:11 Sòm 117:1 15:12 És 11:10 15:14 I Kwo 1:5 15:15 Wo 12:3 15:16 Trav 9:15 15:16 Wo 12:1 15:17 Eb 2:17 15:18 Trav 15:12 15:19 Wo 15:13 15:20 I Kwo 3:10 15:21 És 52:15 15:22 Wo 1:13 15:23 Trav 19:21 15:24 Trav 15:3 15:24 Wo 1:12 15:25 Trav 19:21 15:25 Trav 24:17 15:26 Trav 16:9 15:27 I Kwo 9:11 15:28 Jn 3:33 15:29 Trav 19:21 15:30 Kol 1:8 15:30 I Kwo 1:11 15:31 Wo 15:25 15:32 Trav 18:21 15:33 Wo 16:20