7
Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.” Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,
nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,
nan tribi Manassé a, douz-mil,
nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,
nan tribi Issacar a, douz-mil,
nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,
nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”
Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an. 15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.
“Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16  “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
7:1 Jr 49:36 7:2 Rev 7:3 7:2 Mat 16:16 7:3 Rev 7:3-8 7:3 Éz 9:4,6 7:4 Rev 14:1,3 7:9 Rev 5:9 7:9 Rev 22:3 7:10 Sòm 3:8 7:11 Rev 4:4 7:12 Rev 5:12 7:13 Rev 7:9 7:14 Eb 9:14 7:15 Rev 7:9 7:15 Rev 4:9 7:16 Sòm 121:5 7:17 Sòm 23:1 7:17 És 25:8