15
Alò, li te rive apre sa ke Absalom te fè pwovizyon pou tèt li yon cha avèk cheval ak senkant mesye pou kouri devan li. Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?”
Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”
Alò, Absalom ta di a li: “Ou wè, ka ou yo bon e jis; men nanpwen pèsòn ki pou koute ou nan non a wa a.” Anplis, Absalom te di: “Oswa ke yon moun ta chwazi mwen jij nan peyi a; alò, konsa chak moun ki te gen yon ka oswa yon pwosè ta kapab vin kote mwen e mwen ta ba li jistis.” Epi lè yon mesye ta vin kote li pou bese li menm devan li, li ta lonje men li, kenbe li e bo li. Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo.
Alò, li te rive ke nan fen karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron. Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’ ”.
Wa a te di li: “Ale anpè.”
Konsa, li te leve ale Hébron. 10 Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’ ”
11 Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen. 12 Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis. 13 Alò, yon mesaje te vin kote David. Li te di: “Kè a mesye Israël yo avèk Absalom.”
14 Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: “Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.”
15 Alò, sèvitè a wa yo te di a wa a: “Gade, sèvitè ou yo va fè nenpòt sa ke wa a vle.”
16 Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la. 17 Wa a te sòti e tout pèp la avèk li, e yo te rete nan dènye kay la. 18 Alò, tout sèvitè li yo te pase akote li, tout Keretyen yo avèk tout Peletyen yo ak tout Gatyen yo, sis-san moun ki te vini avèk li soti Gath, te pase devan wa a.
19 Alò, wa a te di a Ittaï, Gatyen an: “Poukisa ou ta ale avèk nou tou? Retounen rete avèk wa a; paske ou se yon etranje e yon egzile de pwòp plas ou. 20 Ayè ou te vini e èske, jodi a, mwen ta dwe fè ou mache egare avèk nou pandan mwen prale kote mwen prale a? Retounen reprann frè ou yo. Ke gras avèk verite kapab avèk ou.”
21 Men Ittaï te reponn wa a. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, nenpòt kote ke mèt mwen an, wa a, ye, kit pou mouri, kit pou viv, se la tou sèvitè ou a va ye.”
22 Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo. 23 Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a. 24 Alò, gade byen, Tsadok te parèt tou, ansanm avèk tout Levit ki t ap pote lach akò Bondye a. Epi yo te poze lach Bondye a e Abithar te monte la jiskaske tout pèp la te fin kite vil la. 25 Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a. 26 Men si Li ta di konsa: ‘Mwen pa gen kè kontan avè w’, gade byen, men mwen, kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.” 27 Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a. 28 Gade, mwen pral tann nan pasaj dezè a jiskaske pawòl ou rive enfòme mwen.” 29 Pou sa, Tsadok avèk Abiathar te retounen lach Bondye a Jérusalem e te rete la. 30 Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.
31 Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.”
Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”
32 Li te rive pandan David t ap pwoche krèt mòn nan, kote yo adore Bondye a, ke vwala, Huschaï, Achit la, te rankontre li avèk manto li chire ak pousyè sou tèt li. 33 David te di li: “Si ou janbe lòtbò avè m; alò, ou va ankonbre m. 34 Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen. 35 Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo. 36 Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”
37 Konsa, Huschaï, zanmi a David la, te antre nan vil la, e Absalom te vini Jérusalem.
15:2 Rt 4:1 15:3 Pwov 12:2 15:4 Jij 9:29 15:5 II Sam 14:33 15:6 Wo 16:18 15:7 II Sam 3:2-3 15:8 Jen 28:20-21 15:10 I Wa 1:34 15:11 I Sam 9:13 15:12 II Sam 15:31 15:12 Sòm 3:1 15:13 Jij 9:3 15:14 II Sam 12:11 15:16 II Sam 16:21-22 15:18 II Sam 8:18 15:19 II Sam 18:2 15:20 I Sam 23:13 15:20 II Sam 2:6 15:21 Rt 1:16-17 15:24 II Sam 8:17 15:25 Sòm 43:3 15:25 Egz 15:13 15:26 I Kwo 21:7 15:27 I Sam 9:6-9 15:28 Jos 5:10 15:30 És 20:2-4 15:31 II Sam 15:12 15:32 Jos 16:2 15:32 Jos 16:2 15:33 II Sam 19:35 15:34 II Sam 16:19 15:35 II Sam 17:15-16 15:36 II Sam 17:17