2
Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a. Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12  Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13  Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
2:1 Ef 6:18 2:2 Esd 6:10 2:3 Luc 1:47 2:4 I Tim 4:10 2:5 Wo 3:30 2:5 Gal 3:20 2:6 I Tim 6:15 2:7 Ef 3:8 2:8 Sòm 63:4 2:9 I Pi 3:3 2:11 I Kor 14:34 2:12 I Kor 14:34 2:13 Jen 2:7,22 2:14 Jen 3:6,13 2:15 I Tim 1:14