II TIMOTHÉE
1
Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11  Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
13  Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
14 Veye byen, selon lespri Sen ki demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
16 Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
1:1 II Kor 1:1 1:2 I Tim 1:2 1:3 Wo 1:8 1:4 II Tim 4:9,21 1:4 Trav 20:37 1:5 I Tim 1:5 1:5 Trav 16:1 1:6 I Tim 4:14 1:7 Jn 14:27 1:8 Mc 8:38 1:8 II Tim 2:3,9 1:9 Wo 8:28 1:9 Ef 2:9 1:10 I Kor 15:26 1:11 I Tim 2:7 1:12 II Tim 1:8,16 1:13 Tit 1:9 1:13 I Tim 1:14 1:14 Wo 8:9 1:15 II Tim 4:10,16 1:16 II Tim 4:10,16 1:18 I Kor 1:8