2
Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon lign mezi nan men l. Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?”
Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”
Epi vwala zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
“ ‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. ‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. Paske, gade byen, Mwen va souke men M sou yo, e yo va vin piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. 10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. 11  Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. 12 SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò. 13  Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”
2:1 Jr 31:39 2:2 Jr 31:39 2:3 Za 1:9 2:4 Za 1:17 2:4 Éz 38:11 2:5 És 4:5 2:6 Jr 3:18 2:7 És 48:20 2:8 És 60:7-9 2:9 És 19:16 2:9 És 14:2 2:10 Za 2:5 2:11 Mi 4:2 2:12 Det 32:9 2:12 II Kwo 6:6 2:13 Hab 2:20