4
Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li te fè m Leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi. Li te di m: “Kisa ou wè?”
Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo. Anplis, gen de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye mèt mwen?”
Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?”
Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”
Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!” ’ ”
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. 10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”
11 Mwen te di li: “Se kisa de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
12 Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
13 Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” 14 Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”
4:1 Za 1:9 4:1 I Wa 19:5-7 4:2 Egz 25:31,37; Rev 4:5 4:3 Za 4:11 4:4 Za 1:9 4:5 Za 1:9 4:6 És 11:2-4 4:6 II Kwo 32:7-8 4:10 II Kwo 16:9 4:10 Za 1:10 4:11 Za 4:3 4:14 Egz 29:7