SOPHONIE
1
Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
“Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a. Mwen va retire ni lòm, ni bèt. Mwen va retire zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo, sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom, sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak vètman etranje yo. Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.
10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” 13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14 Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
1:2 Jen 6:7 1:3 És 6:11,12 1:3 Jr 4:25 1:4 Mi 5:13 1:4 II Wa 23:5 1:5 II Wa 23:12 1:5 I Wa 11:5,23 1:6 És 1:4 1:6 És 9:13 1:7 Hab 2:20 1:7 So 1:14 1:8 És 24:21 1:8 És 2:6 1:9 Jr 5:27 1:10 II Kwo 33:14 1:10 II Kwo 34:22 1:11 So 2:5 1:12 Jr 48:11 1:12 Éz 8:12 1:13 Am 5:11 1:14 Jr 30:7 1:14 Éz 7:7-12 1:15 És 22:5 1:15 Jl 2:2,31 1:16 És 27:13 1:17 Jr 10:18 1:17 Det 28:29 1:18 Éz 7:19 1:18 So 3:8