3
Malè a sila ki fè rebèl e ki vin souye a; vil k ap oprime tout! Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten. Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa. SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo. Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a pa p vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl. 10 Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin pote ofrann ban Mwen. 11 Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an. 12 Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a. 13 Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
14 Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! 15 SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. 18 Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwoch yo ye pou ou. 19 Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. 20 Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.
3:1 Jr 5:23 3:1 Éz 23:30 3:2 Jr 2:30 3:2 Sòm 78:22 3:3 Éz 22:27 3:3 Jr 5:6 3:4 Jij 9:4 3:4 Éz 22:26 3:5 Det 32:4 3:5 Sòm 92:15 3:6 Jr 9:12 3:6 So 2:5 3:7 Job 36:10 3:8 Éz 38:14-23 3:8 So 1:18 3:9 És 19:18 3:10 És 60:6,7 3:11 És 45:17 3:11 És 2:12 3:12 És 14:30; És 50:10 3:13 Sòm 119:3; Za 8:3,16 3:15 Sòm 19:9 3:15 Éz 37:26-28 3:16 És 35:3,4 3:16 Job 4:3 3:18 Sòm 42:2-4 3:19 És 60:14 3:20 Éz 37:12,21 3:20 Jr 29:14