EGZÒD
1
Alò sa yo se non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: Ruben, Siméon, Lévi, Juda, Isacar, Zabulon, Benjamin, Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.
Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a. Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.
Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte. Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. 10 Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”
11 Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal. 12 Men plis ke yo t ap aflije yo, plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi.
Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo. 13 Yo te vin fòse fis Israël yo travay di. 14 Yo te fè vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.
15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo. 22 Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”
1:1 Jen 46:8-27 1:5 Jen 46:26-27 1:6 Jen 50:26 1:7 Det 26:5 1:8 Trav 7:18,19 1:9 Sòm 105:24,25 1:10 Trav 7:19 1:11 Jen 13:15 1:11 I Wa 9:19 1:12 Egz 1:7 1:13 Jen 15:13 1:14 Egz 2:23 1:17 Egz 1:21 1:20 Pwov 11:18 1:21 I Sam 2:35 1:22 Trav 7:19