2
Alò, yon mesye lakay Lévi te marye avèk yon fi Lévi. Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te byen bèl, li te kache li pandan twa mwa. Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan. Sè li a te kanpe nan yon distans, pou wè kisa ki kab rive li.
Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li. Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
Epi sè li a te di a fi Farawon an: “Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?”
Epi fi a Farawon an te di li: “Ale”. Konsa, fi a te al rele manman a pitit la.
Epi fi a Farawon an te di li: “Pran pitit sa a ale, bay li tete pou mwen e mwen va ba ou salè ou.”
Epi fanm nan te pran pitit la e li te bay li tete. 10 Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”
11 Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fàdo yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo. 12 Alò li te gade toupatou e lè l pa t wè pèsòn, li te touye li, e li te kache li nan sab la.
13 Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”
14 Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
15 Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse.
Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
16 Alò, prèt Madian an te gen sèt fi. Yo te vin rale dlo e te ranpli veso yo pou bay bann mouton papa yo dlo. 17 Bèje yo te vin pouse yo ale, men Moïse te kanpe pou ede fi yo, e te bay bann mouton pa yo bwè.
18 Lè yo te vin kote Réuel, papa yo, li te di: “Poukisa nou gen tan tounen tèlman vit konsa jodi a?”
19 Yo te di: “Yon Ejipsyen te delivre nou anba men a bèje yo, e anplis, li te menm rale dlo pou nou e te bay bann mouton an dlo.”
20 Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.”
21 Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.
22 Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
23 Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.
24 Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob. 25  Bondye te wè fis Israël yo, e Bondye te konprann.
2:1 Egz 6:16-20 2:1 Egz 6:16-20 2:2 Trav 7:20 2:4 Egz 15:20 2:5 Egz 7:15 2:10 Trav 7:21 2:11 Trav 7:23 2:12 Trav 7:24 2:13 Trav 7:26-28 2:14 Jen 19:9 2:15 Trav 7:29 2:16 Egz 3:1 2:17 Jen 29:3-10 2:18 Egz 3:1 2:21 Egz 4:25 2:22 Egz 4:20 2:23 Det 26:7 2:24 Egz 6:25 2:25 Egz 3:7