20
Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan Guérar. Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah.
Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li. Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.
Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: 10 Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”
11 Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen. 12 Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen. 13 Lè li te rive ke Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’ ”
14 Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
15 Abimélec te di: “Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”
16 A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.”
17  Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit. 18  Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.
20:1 Jen 18:1 20:1 26:1-6 20:2 Jen 18:1 20:2 Jen 26:1-2 20:3 Jen 20:7 20:4 Jen 18:23-25 20:5 Jen 20:13 20:6 I Sam 25:26-34 20:7 I Sam 7:5 20:9 Jen 12:11-20 20:11 Né 5:15 20:11 Jen 12:12 20:13 Jen 12:1-9 20:14 Jen 12:16 20:15 Jen 13:9 20:16 Jen 20:5 20:17 Nonb 12:13 20:18 Jen 12:17