21
Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la. Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a. Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac. Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a. Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.
Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.” Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”
Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
Alò, Sarah te wè fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap moke l. 10 Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”
11  Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a. 12 Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome. 13 Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”
14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.
15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. 16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
17 Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a. 18 Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”
19 Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.
20  Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè. 21  Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
22 Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè 23 Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”
24 Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”
25 Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo te sezi a.
26 Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”
27 Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, yo de a te fè yon akò. 28 Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo. 29 Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”
30 Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”
31 Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.
32 Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.
33 Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la. 34 Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.
21:1 Jen 17:16-21 21:2 Trav 7:8 21:3 Jen 17:19-21 21:4 Jen 17:12 21:5 Jen 17:17 21:6 Jen 18:13 21:7 Jen 18:11-13 21:9 Jen 16:1-15 21:9 Gal 4:29 21:10 Gal 4:30 21:11 Jen 17:18 21:12 Wo 9:7 21:13 Jen 16:10 21:16 Jr 6:26 21:17 Egz 3:7 21:18 Jen 16:10 21:19 Nonb 22:31 21:20 Jen 28:15 21:21 Jen 25:18 21:22 Jen 26:28 21:23 Jos 2:12 21:25 Jen 26:15-22 21:27 Jen 26:31 21:30 Jen 31:48 21:31 Jen 21:14 21:33 Jen 12:8 21:34 Jen 22:19