22
Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans. Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!”
Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.”
Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. 10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
11 Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”
Li te reponn: “Men mwen isit la.”
12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18  Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
19  Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
20 Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: 21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan 22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” 23 Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan. 24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
22:1 Det 8:2-16 22:2 Jen 22:12 22:2 II Kwo 3:1 22:6 Jn 19:17 22:7 Egz 29:38-42 22:9 Jen 22:2 22:9 Eb 11:17-19 22:11 Jen 16:7-11 22:12 Jen 22:2-16 22:14 Jen 22:8 22:16 Sòm 105:9 22:17 Jr 33:22 22:18 Jen 12:3 22:18 Jen 18:19 22:19 Jen 22:5 22:20 Jen 11:29 22:23 Jen 24:15