11
Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;
epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.
Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.
Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,
e brile lansan bay zidòl yo.
Malgre sa, se te Mwen
ki te montre Éphraïm jan pou l mache.
Nan bra M, Mwen te pran yo;
men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,
ak lyann lanmou.
Konsa, Mwen te vini pou yo
kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.
Mwen te bese mete manje devan yo.
 
Yo p ap retounen nan peyi Égypte,
men Wa Assyrie a va vin wa yo,
akoz yo te refize retounen kote Mwen.
Nepe va tonbe kont vil yo,
pou kraze pòtay ak fè fòje yo,
e li va fè tout plan yo disparèt.
Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen.
Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,
anverite, yo p ap egzalte.
 
Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?
Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?
Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?
Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm?
Kè M vire nèt anndan M;
konpasyon Mwen vin anflame.
Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen;
Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.
Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;
Sila Ki Sen nan mitan nou an
e Mwen p ap antre nan kòlè.
10 Yo va mache dèyè SENYÈ a,
Li va gwonde kon yon lyon;
Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,
ap tranble soti nan lwès.
11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,
e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie;
epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.
 
12 Éphraïm antoure Mwen ak manti,
e lakay Israël ak desepsyon.
Men anplis, Juda toujou egare,
kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.
11:1 Os 2:15 11:2 Os 2:13 11:2 És 65:7 11:4 Lev 26:13; Egz 16:32 11:5 Os 7:16 11:6 Lam 2:9 11:7 Jr 3:6,7 11:8 Os 6:4 11:8 Jen 14:8 11:9 Det 13:17 11:9 Nonb 23:19 11:10 Os 3:5 11:10 És 66:2,5 11:11 És 11:11; Éz 28:25,26 11:12 Os 4:2