12
Éphraïm manje sou van,
e kouri dèyè van lès la.
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie
e lwil vin pote an Égypte.
Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda
e Li va pini Jacob selon chemen li yo.
Li va rekonpanse li selon zak li yo.
Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon;
epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.
Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;
li te kriye e li te chache favè li.
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,
SENYÈ a se non Li!
Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
Men yon machann, ak fo balans lan nan men l.
Li renmen twonpe moun.
Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
okenn inikite, ki ta peche.”
 
Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò,
tankou nan jou fèt deziye yo.
10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo
e mwen te miltipliye vizyon yo;
epi selon ministè pwofèt yo,
mwen te sèvi parabòl.
11 Èske gen inikite nan Galaad?
Anverite, yo tout san valè.
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;
wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,
Israël te travay pou resevwa yon madanm.
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a
te mennen Israël sòti an Égypte.
Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.
Akoz sa, Senyè li va kite san li koule sou li,
e fè repwòch li tounen sou li.
12:1 Jen 41:6 12:2 Os 4:1; Os 7:2 12:3 Jen 25:26 12:3 Jen 32:28 12:4 Jen 32:26 12:5 Egz 3:15 12:6 Os 6:1-3; Mi 6:8 12:7 Pwov 11:1 12:8 Os 4:8 12:9 Lev 23:42 12:10 II Wa 17:13 12:10 Éz 17:2 12:11 Os 8:11 12:12 Jen 28:5; Jen 29:20 12:13 Egz 14:19-22 12:14 Éz 18:10-13 12:14 Dan 11:18