14
Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.
Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
Pran avèk ou menm pawòl yo,
pou retounen kote SENYÈ a.
Di Li: “Retire tout inikite nou yo,
e resevwa nou ak gras Ou,
pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
Assyrie p ap sove nou.
Nou p ap monte sou cheval;
ni nou p ap di ankò a
zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”
Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
 
“Mwen va geri enfidelite yo;
Mwen va renmen yo an abondans,
paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
Mwen va tankou Lawouze pou Israël;
li va fleri kon flè lis,
e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
Boujon li yo va vin pete,
e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.
Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
Moun yo va rete nan lonbraj li.
Yo va reprann fòs tankou sereyal ki jwenn lapli;
yo va fleri tankou pye rezen.
Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?
Se Mwen menm ki okipe l;
Mwen tankou yon pye siprè byen vèt;
nan Mwen, tout fwi ou sòti.”
 
Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
14:1 Os 6:1 14:2 Mi 7:18,19 14:3 Os 8:6; Os 4:12 14:4 És 57:18 14:4 So 3:17 14:5 Pwov 19:12 14:7 Os 2:21,22 14:8 És 41:19 14:8 Éz 17:23 14:9 Sòm 107:43