13
Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman.
Li te leve tèt li wo an Israël;
men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.
Epi koulye a, yo peche plis toujou,
e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan,
menm zidòl yo selon jan yo konprann.
Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.
Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”
Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an
ak lawouze k ap disparèt bonè,
tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,
e tankou Lafimen soti nan chemine.
Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la;
epi ou pa pou konnen okenn dye
sof ke Mwen;
paske nanpwen sovè sof ke Mwen.
Mwen te pran swen ou nan dezè a,
nan peyi sechrès la.
Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;
yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye.
Konsa, yo te bliye Mwen.
Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo.
Kon yon leyopa, Mwen va kouche
an kachèt bò chemen an.
Mwen va rankontre yo kon yon lous
ki fenk fin pèdi pitit li,
e mwen va chire lestomak yo nèt.
Sou plas, Mwen va devore yo tankou
yon manman lyon,
jan yon bèt sovaj ta chire yo.
Se destriksyon pa w, O Israël!
Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.
10 Kote wa ou a koulye a,
pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?
Ak jij ke ou te mande yo: “Ban mwen
yon wa ak prens yo”?
11 Mwen te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,
e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;
peche li vin mete nan depo.
13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;
se pa yon fis ki saj, k ap rete nan vant
ki ouvri e k ap tann li soti a.
14 Mwen va rachte yo soti
anba pouvwa a Sejou mò yo;
mwen va rachte yo soti anba lanmò.
O lanmò! Kote pikan ou yo?
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?
Repantans va vin kache devan zye M.
15 Malgre li pote fwi pami frè li yo,
yon van nan lès va vini;
van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.
Sous dlo li va vin sèch,
e fontèn dlo li va seche.
Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
16 Samarie va pote koupabilite li,
paske li te fè rebèl kont Bondye li a.
Yo va tonbe pa nepe.
Timoun piti yo va vin kraze an mòso,
epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.
13:1 Job 29:21,22 13:2 És 46:6 13:2 Os 8:5,6 13:3 Os 6:4 13:3 Sòm 68:2 13:4 Egz 20:3 13:4 És 43:11 13:5 Det 2:7 13:6 Os 7:14; Os 2:13 13:7 Lam 3:10 13:7 Jr 5:6 13:8 II Sam 17:8 13:8 Sòm 50:22 13:9 Det 33:26,29 13:10 II Wa 17:4 13:10 I Sam 8:5,6 13:11 I Sam 8:7 13:12 Det 32:34,35 13:13 Det 32:6 13:14 Sòm 49:15 13:15 Jen 41:6 13:15 Jr 20:5 13:16 Os 10:2 13:16 Os 7:14