5
Tande bagay sa a, O prèt yo!
Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.
Rebèl yo desann fon nan fè masak;
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
Mwen konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.
Israël te souye tèt li.
Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo pa konnen SENYÈ a.
Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.
Anplis, Juda va tonbe avèk yo.
Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a,
men yo p ap jwenn Li.
Li te retire tèt Li kite yo.
Yo te aji an trèt kont SENYÈ a,
paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak chan yo.
 
“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan:
Dèyè ou, Benjamin!
Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.
10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout
chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11 Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an,
akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12 Akoz sa, mwen vin tankou
yon papiyon twal pou Éphraïm
e tankou pouriti pou lakay Juda.
 
13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a,
e Juda, jan li te blese a;
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.
Li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w,
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.
14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.
Mwen menm, Mwen va chire an mòso
e Mwen va ale.
Mwen va pote ale, e p ap gen
moun ki pou delivre.
15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen,
jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo,
pou chache fas Mwen.
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”
5:1 Os 9:8 5:2 Os 9:15 5:2 És 29:15 5:3 Am 3:2 5:4 Os 4:12 5:4 Os 4:6,14 5:5 Éz 23:31-35 5:6 Pwov 1:28 5:6 Éz 8:6 5:7 És 48:8 5:8 Jl 2:1 5:8 Jij 5:14 5:9 És 37:3 5:9 És 46:10 5:10 Det 19:14 5:11 Mi 6:16 5:12 Sòm 39:11 5:13 Os 7:11; Os 10:6 5:14 Sòm 50:22 5:14 Mi 5:8 5:15 És 64:7