6
Vini, annou retounen kote SENYÈ a;
paske li te chire nou,
men Li va geri nou.
Li te blese nou,
men Li va panse nou.
Li va fè nou vin refè apre de jou;
Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.
Konsa, nou va viv devan Li.
Annou rekonèt SENYÈ a;
annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.
Aparans Li asire tankou solèy
k ap leve granmmaten.
Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,
tankou lapli prentan k ap wouze latè.
 
Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?
Kisa pou M fè ak ou, O Juda?
Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,
tankou farinay ki disparèt bonè.
Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;
Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen.
Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.
Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,
epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a.
La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,
plen ak tach san.
Epi tankou bandi k ap tann yon moun;
konsa, yon twoup prèt asasine moun
sou wout pou rive Sichem nan.
Se gwo krim y ap fè.
10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay.
Gen pwostitisyon nan Éphraïm.
Israël souye pwòp tèt li.
 
11 Ou menm tou, O Juda!
Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm,
lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.
6:1 Det 32:39 6:1 Jr 30:17 6:2 Sòm 30:5 6:3 És 2:3 6:3 Sòm 19:6 6:5 Jr 23:29 6:6 Mat 9:13 6:6 És 1:11 6:7 Job 31:33 6:7 Os 8:1 6:8 Os 12:11; Os 4:2 6:10 Jr 5:30,31 6:11 Jr 51:33; So 2:7