8
Mete twonpèt la sou lèv ou yo!
Yon bagay tankou malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
akoz yo te transgrese akò Mwen an,
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm.
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
Kite Samarie jete jenn bèf li deyò!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va rete
san kapasite pou pirifye?
Paske, sa sòti menm an Israël!
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye.
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.
Paske yo simen van,
e yo rekòlte toubiyon.
Israël vin vale nèt.
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.
Paske yo te monte Assyrie,
kon yon bourik mawon pou kont li.
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo,
se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo kòmanse vin febli akoz presyon
a wa de sa yo ak pwisans.
11 Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo,
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
12 Malgre sa Mwen te ekri pou li
règleman san fen de Lalwa Mwen yo,
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l.
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Konsa, Li va sonje inikite yo,
e pini peche yo.
Yo va retounen an Egypte.
14 Paske Israël te bliye Kreyatè li.
Li te bati palè yo.
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo;
men Mwen va voye dife sou vil li yo,
e konsa, li va devore gwo palè li yo.
8:4 Os 2:8 8:5 Os 10:5 8:6 Os 13:2 8:7 Pwov 22:8 8:7 És 66:15 8:8 II Wa 17:6 8:8 Jr 22:28 8:9 Os 7:11 8:9 Jr 2:24 8:10 Jr 42:2 8:10 És 10:8 8:11 Os 10:1 8:12 Det 4:6,8 8:12 Os 4:6 8:13 Jr 14:10 8:13 Os 4:9 8:14 Det 32:18 8:14 És 9:9,10