7
Lè M ta geri blesi Israël,
inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,
ak mechanste a Samarie a tou;
paske yo aji nan manti.
Vòlè a antre,
bandi yo atake pa deyò.
Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen
Sonje tout mechanste yo.
Alò, zak yo ap antoure yo;
yo devan figi Mwen.
Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,
epi prens yo, ak manti yo.
Yo tout se adiltè;
yo tankou yon fou la
ke bos boulanje sispann chofe,
depi nan lè l ap petri Pat farin nan,
jis rive lè pan an fin leve.
Nan jou a wa nou an, prens yo
te fè tèt yo malad ak chalè diven an.
Li te lonje men li ak mokè yo.
Paske kè yo vin tankou yon fou
pandan y ap kouche tan moun.
Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit.
Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
Yo tout cho tankou yon fou.
Yo manje jij yo.
Tout wa yo fin tonbe.
Nanpwen youn pami yo ki rele M.
Éphraïm mele li menm ak nasyon yo.
Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
Etranje yo devore fòs li,
men li pa wè sa a.
Anplis, cheve blanch yo la sou li,
men li pa konnen.
10 Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li,
men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a.
Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
 
11 Konsa, Éphraïm te vin tankou
yon toutrèl egare, san bon sans.
Yo rele vè Egypte.
Yo ale Assyrie.
12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo.
Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo.
Mwen va bay yo chatiman,
jan kongregasyon yo a te tande a.
13 Malè a yo menm!
Paske yo te gaye kite Mwen!
Destriksyon pou yo menm,
paske yo te fè rebèl kont Mwen!
Mwen ta rachte yo,
men yo fè manti kont Mwen.
14  Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo,
men yo rele fò sou kabann yo.
Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf.
Men yo vire kite Mwen.
15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò,
malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.
16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a.
Yo tankou yon banza k ap twonpe moun.
Prens yo va tonbe devan nepe
akoz ensolans a lang yo.
Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.
7:1 Éz 24:13 7:1 Os 4:2 7:2 Sòm 25:7 7:3 Wo 1:32 7:3 Os 4:2 7:4 Jr 9:2 7:5 És 28:1,7 7:6 Sòm 21:9 7:7 Os 13:10 7:7 És 64:7 7:8 Sòm 106:35 7:9 És 1:7 7:10 Os 5:5 7:10 És 9:13 7:11 Os 4:6,11,14 7:11 Os 5:13 7:12 Éz 12:13; Lev 26:14-39 7:13 Jr 14:10 7:13 Jr 51:9 7:14 Job 35:9-11 7:14 Os 13:16 7:15 Na 1:9 7:16 Sòm 12:3,4; Éz 23:32