44
“Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an;
Israël ke M te chwazi a.
Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a,
ki te fòme ou soti nan vant lan,
ki va bay ou soutyen,
kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an;
ak ou menm Israël ke M te chwazi a.
Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf
e vwa dlo sou tè ki sèch.
Mwen va vide Lespri M sou ras ou
e benediksyon sou desandan ou yo;
konsa, yo va vin vòltije pami zèb
kon bwa akote sous dlo.’
Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’
epi lòt la va rele sou non Jacob;
epi yon lòt va ekri sou men l:
‘Apatyen a SENYÈ a’,
epi va nonmen non Israël ak respè.
 
Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la,
ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo:
Mwen se premye a e Mwen se dènye a;
nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.
Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa;
Wi, kite li pale M sa an lòd.
Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon a.
Epi kite yo deklare a yo menm bagay
k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.
Pa tranble, pa pè.
Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm
e te demontre nou sa?
Konsa, nou se temwen M.
Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm?
Anverite, nanpwen!
Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
 
Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen.
Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis.
Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen.
Yo pa ka menm vin wont.
10 Se kilès ki te fòme yon dye,
oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?
11 Gade byen, tout zami l yo va vin wont,
paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm.
Kite yo rasanble yo menm,
kite yo kanpe,
kite yo tranble,
kite yo tout ansanm vin wont.
 
12  Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe.
Yon travay ki fèt sou chabon limen.
Li fòme li ak mato,
e travay li ak bra li ki fò.
Anplis, li vin grangou e pèdi fòs;
li pa bwè dlo e li vin fatige.
13  Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi;
li trase sou li ak lakrè wouj.
Li travay li ak rif la, trase l ak konpa
e fè li sanble ak fòm a yon moun,
tankou bèlte a lòm,
pou l ka plase li anndan yon kay.
14 Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li,
pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn
e leve li pou kont li pami bwa forè yo.
Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi.
15 Epi li devni yon bagay pou moun ka brile.
Li pran kèk nan li pou l ka chofe
e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l.
Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.
16 Mwatye li, li brile nan dife;
sou mwatye sa a, li manje vyann
pandan li kwit yon gwo mòs e li satisfè.
Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.”
17 Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li.
Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis,
li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”
 
18 Yo pa konnen, ni yo pa konprann,
paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè
e kè yo pou yo pa konprann.
19 Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans
ni konprann pou l ta di:
“Mwen te brile mwatye li nan dife a
e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li.
Mwen boukannen vyann, e mwen manje li.
Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon?
Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”
20 La p manje sou sann yo.
Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote.
Li p ap kapab delivre nanm li menm.
Ni li pa mande:
“Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”
 
21  “Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël,
paske ou se sèvitè Mwen, O Israël.
Mwen p ap janm bliye ou.
22 Mwen te efase transgresyon ou yo
tankou yon nwaj byen pwès,
ak peche ou yo tankou yon nwaj.
Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
 
23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa!
Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo!
Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo,
O forè ak tout pyebwa ki ladann yo;
paske SENYÈ a te rachte Jacob,
e an Israël,
Li va devwale glwa Li.
 
24 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a
e sila ki te fè ou soti nan vant la:
“Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay,
Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen,
e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;
25  ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo;
ki te devwale divinò yo tankou moun fou,
ki te fè mesye saj yo rale fè bak,
pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;
26 ki te konfime pawòl a sèvitè Li a
e te acheve bi a mesaje Li yo.
Se Mwen menm ki di de Jérusalem:
Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo:
‘Yo va bati.’
Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.
27 Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’
e Mwen va fè rivyè ou yo vin sèk.
28 Se Mwen menm ki di de Cyrus:
‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’
Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’
e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’ ”
44:1 És 41:8 44:2 Det 32:15 44:3 És 32:15 44:4 Lev 23:40 44:5 Egz 13:9 44:6 És 41:14 44:7 És 41:22-26 44:8 Det 4:35-39 44:9 Sòm 97:7 44:10 És 41:29 44:11 Sòm 97:7 44:12 És 40:19-20 44:13 És 41:7 44:15 II Kwo 25:14 44:17 I Wa 18:26-28 44:18 Sòm 81:12 44:19 Det 27:15 44:20 Job 15:31 44:21 És 46:8 44:22 Sòm 51:1-9 44:23 És 43:1 44:24 És 40:22 44:25 És 47:13 44:26 Za 1:6 44:27 És 42:15 44:28 II Kwo 36:22-23