45
Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
“Mwen va ale devan ou
pou fè move kote yo vin swa.
Mwen va kraze pòt an bwonz yo
e fin koupe nèt ba an fè li yo.
Mwen va bay ou trezò lannwit yo
ak richès k ap kache kote sekrè yo,
pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a,
Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël,
sila ke M te chwazi a,
Mwen te, anplis, rele ou pa non ou.
Mwen te bay ou yon tit k ap respekte,
malgre ou pa t rekonèt Mwen.
Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt.
Apa de Mwen menm, pa gen Bondye.
Mwen va fòtifye ou,
malgre ou pa t rekonèt Mwen;
ke lèzòm ka konnen depi solèy leve
jiskaske solèy kouche,
ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm.
Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;
Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,
ki fè bonè e ki kreye malè.
Mwen se SENYÈ a,
ki fè tout sila yo.
 
Degoute depi anwo, O syèl yo,
e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.
Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,
pou fè ladwati vòltije monte avè l.
Mwen, SENYÈ a te kreye l.
Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a—
yon veso fèt ak tè pami veso latè yo!
Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’
Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?
10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’
Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’ ”
 
11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël
ak Kreyatè li a:
“Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo
e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!
12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.
Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M
e mete tout lame selès pa yo an lòd.
13 Mwen te fè leve nan li ladwati
e Mwen va fè wout li yo swa.
Li va bati vil Mwen,
e va kite egzile Mwen yo vin libere,
pa pou pèyman oswa rekonpans,”
pale SENYÈ dèzame yo.
 
14 Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo
ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo,
mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou.
Yo va pou ou.
Yo va mache dèyè w.
Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou;
yo va fè siplikasyon a ou menm.
‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt.
Nanpwen lòt Bondye’ ”
15 Anverite, Ou se yon Dye ki kache tèt Li,
O Bondye Israël la, Sovè a!
16 Yo va desi, imilye menm, yo tout.
Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
17 Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan.
Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
 
18 Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a,
Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la;
Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid,
men te fòme l pou moun ka viv ladann di:
“Mwen se SENYÈ a.
Nanpwen lòt.
19 Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa.
Mwen pa t di a desandan Jacob yo,
‘Chache M anven.’
Mwen, SENYÈ a, pale ladwati.
Mwen deklare sa ki dwat.”
 
20  “Rasanble nou e vini.
Rapwoche nou ansanm, nou menm,
refijye a nasyon yo.
Lòt yo pa gen konesans;
sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou,
e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
21 Deklare e prezante ka nou an.
Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm.
Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo,
ki te deklare sa depi lontan?
Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen,
yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
 
22  “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo;
paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
23 Mwen te sèmante pa Mwen menm,
pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati
e li p ap vire fè bak;
ke a Mwen menm, tout jenou va koube
e tout lang va sèmante fidelite.
24 Yo va di de Mwen:
‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’ ”
Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te
fè laràj kont Li va vin wont nèt.
25 Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye
e va rejwi!
45:1 Sòm 73:23 45:2 Sòm 107:6 45:3 Jr 41:8 45:4 Trav 17:23 45:5 Sòm 18:39 45:6 Sòm 102:15 45:7 És 31:2 45:8 Sòm 85:11 45:9 És 29:16 45:11 Jr 31:9 45:12 Jen 2:1 45:13 És 41:2 45:14 Jr 16:19 45:15 Sòm 44:24 45:16 És 42:17 45:17 És 49:23 45:18 Jen 1:2 45:19 Sòm 19:8 45:20 És 43:9 45:21 És 45:5 45:22 Nonb 21:8-9 45:23 Wo 14:11 45:24 Jr 33:16 45:25 I Wa 8:32