50
Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila
Mwen te voye manman ou ale a?
Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo?
Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,
e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.
Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?
Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?
Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?
Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?
Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;
Mwen fè rivyè yo vin dezè.
Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.
Mwen abiye syèl yo ak fènwa
e kouvri yo ak twal sak.”
 
Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo,
pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.
Li fè M leve maten apre maten,
Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.
Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.
Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,
ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;
Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.
Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou.
Pou sa, Mwen pa t twouble menm.
Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.
Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.
Sila ki jistifye Mwen an toupre;
se kilès ki mennen ka a kont Mwen?
Kite li rale pre M.
Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;
se kilès ki kondane Mwen?
Gade byen, yo tout va vin vye;
epwize tankou yon vètman.
Mit papiyon twal yo va manje yo.
 
10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,
ki obeyi vwa a sèvitè Li a,
ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?
Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a
e depann de Bondye li a.
11 Gade byen, nou tout ki limen yon dife,
ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo;
mache nan limyè dife nou te fè a,
e pami tòch yo nou te lime a.
Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:
Nou va kouche pou fè lamantasyon.
50:1 Det 32:30 50:2 Jos 3:16 50:3 És 13:10 50:4 És 8:16 50:5 Mat 26:39 50:6 Mat 26:67 50:7 És 42:1 50:8 És 45:25 50:10 És 49:2-3 50:11 Pwov 26:18