56
Konsa pale SENYÈ a:
“Konsève sa ki jis
e fè sa ki dwat,
paske sali Mwen an prèt pou rive
e ladwati Mwen va vin revele.
A la beni nonm ki fè sa a beni,
e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;
ki pa janm derespekte Saba a,
e ki anpeche men l fè mal la.”
 
Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:
“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”
Ni pa kite enik lan di:
“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
 
Paske konsa pale SENYÈ a:
“A enik yo ki kenbe Saba Mwen yo,
ki chwazi sa ki fè M plezi,
e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;
anndan miray Mwen yo, yon memoryal
e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo.
Mwen va bay yo yon non
k ap dire nèt jis pou letènite,
ki p ap janm disparèt.”
 
“Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,
pou sèvi Li,
pou renmen non a SENYÈ a,
pou vin sèvitè Li,
yo tout ki pa derespekte Saba a,
e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;
menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,
e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.
Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;
paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare:
“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,
lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”
 
Nou tout, bèt a chan yo,
vin manje,
ak tout bèt a forè yo.
10  Gadyen Li yo avèg.
Tout nan yo san konprann.
Se chen bèbè ki pa ka jape;
moun k ap kouche fè rèv,
ki renmen somèy.
11 Wi, chen yo voras.
Yo pa janm jwenn asi.
Se bèje yo ye san konprann.
Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo,
yo chak nan ranmase byen de tout katye.
12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven;
annou bwè anpil bwason fò.
Epi demen na p fè menm jan ak jodi a!
Plis menm!”
56:1 Sòm 85:9 56:2 Sòm 112:1 56:3 Det 23:1 56:4 És 56:2-6 56:5 És 62:2 56:6 És 56:3 56:7 Mat 21:13 56:8 És 11:12 56:9 Éz 3:17 56:10 Éz 3:17 56:11 És 57:17 56:12 Sòm 10:6