57
Moun dwat la peri,
men pèsòn pa pran sa a kè.
Sila ak mizerikòd vin retire,
men pèsòn pa konsidere
ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.
Li antre nan lapè.
Chak antre nan pwòp kabann pa l;
tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.
 
“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo,
desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
Se kont kilès nou fè plezi a?
Kont kilès nou ouvri bouch nou laj
e lonje lang nou an?
Se pa desandan a rebèl nou ye,
ak pòtè a desepsyon?
Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo,
anba tout gwo bwa vèt,
ki fè masak timoun yo nan ravin yo,
anba fenèt wòch gwo falèz yo?
Pami wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w;
pou yo menm ou te voye osò a.
Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason.
Ou te fè yon ofrann sereyal.
Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?
Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou.
Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.
Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou;
ou te ouvri ou menm a yon lòt sòf ke mwen.
Konsa, ou te monte.
Ou te ale fè kabann ou byen laj.
Konsa ou te antann ou avèk yo.
Ou te byen renmen sa ou te we sou kabann yo.
Ou te ale kote wa a ak lwil,
e ou te ogmante pafen ou yo;
ou te voye mesaje ou yo rete lwen,
e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.
10 Ou te fatige akoz wout ou te long,
men ou pa t di: ‘Nanpwen espwa.’
Ou te jwenn fòs renouvle.
Ou pa t febli menm.
 
11 De kilès ou te pè e twouble a,
ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an,
ni menm panse a Mwen an?
Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan
ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?
12 Mwen va deklare ladwati ou ak zèv ou yo,
men yo p ap nan avantaj ou.
13 Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou.
Men van an va pote yo ale.
Yon souf va rale yo monte.
Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a.
Li va posede mòn sen Mwen an.”
 
14 Li va di: “Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an!
Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”
15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,
Sila ki viv jis pou tout tan an,
non a Li se Sila ki Sen an, pale:
“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,
anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,
pou fè leve lespri a enb yo,
e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
16 Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan,
ni se pa pou tout tan ke M ap fache a;
paske lespri a ta vin fèb devan M,
ak nanm a sila ke M te fè yo.
17 Akoz inikite gwo lanvi li,
Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li.
Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache.
Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li;
Mwen va mennen li e restore konsolasyon
a li menm ak sila k ap lamante pou li.
19 Mwen kreye fwi a lèv yo:
“Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo,
ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:
“Epi Mwen va geri yo.”
20 Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.
Li p ap ka kalme, e dlo yo
rale fè monte fatra ak labou.
21  “Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:
“pou mechan yo”.
57:1 II Wa 22:20 57:2 És 26:7 57:3 És 1:4 57:4 És 48:8 57:5 II Wa 23:10 57:6 Jr 3:9 57:7 Éz 23:41 57:9 Éz 23:16-40 57:10 Jr 2:25 57:11 Pwov 29:25 57:12 És 58:1-2 57:13 Jr 22:20 57:14 És 62:10 57:15 Sòm 34:18 57:16 Sòm 85:5 57:17 És 2:7 57:18 És 19:22 57:19 Trav 2:39 57:20 Job 18:5-14 57:21 És 48:22