59
Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout
pou l pa ka sove;
ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,
e se peche nou yo
ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
Paske men nou souye ak san vèse,
e dwèt nou ak inikite.
Lèv nou fin pale sa ki fo,
e lang nou plenyen mechanste.
Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati,
ni ki fè plent ak entegrite.
Yo mete konfyans nan vanite,
e yo pale manti.
Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.
Yo kale ze koulèv yo,
e trese fil arenye yo.
Sila ki manje ze yo va mouri;
e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.
Fil pa yo p ap fè rad;
ni zèv yo p ap ka kouvri yo.
Zèv pa yo se zèv inikite,
e se zak vyolans ki rete nan men yo.
Pye pa yo kouri vè mal,
e yo fè vit pou vèse san inosan an.
Panse pa yo se panse inikite,
e destriksyon ak dega sou chemen yo.
Yo pa konnen chemen lapè,
e nanpwen jistis nan yo.
Yo te fè wout kwochi;
nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.
 
Akoz sa, lajistis rete lwen nou,
e ladwati pa fin rive sou nou.
Nou espere jwenn limyè pou klere nou,
men nou mache nan fènwa.
10 Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg.
Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo.
Nou kilbite a midi konsi se nan aswè.
Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.
11 Epi nou tout gwonde tankou lous,
e plenyen ak tristès kon toutrèl.
Nou espere lajistis, men nanpwen;
pou delivrans, men li lwen nou.
 
12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,
e peche nou yo temwaye kont nou.
Paske transgresyon nou yo rete avèk nou
e nou konnen inikite nou yo:
13 Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a.
Nou vire kite Bondye nou an,
ak pawòl opresyon ak rebèl.
Nan kè a, nou fòmante
e fè vin parèt pawòl manti.
14  Lajistis vin detounen
e ladwati vin kanpe byen lwen.
Paske verite a fin glise tonbe nan lari
e ladwati p ap ka antre.
15 Wi, verite a manke;
epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,
fin fè pwòp tèt li yon viktim.
 
Alò, SENYÈ a te wè
e sa pa t fè plezi devan zye L,
ke pa t gen jistis.
16 Li te wè ke pa t gen pèsòn,
e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede.
Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li,
e ladwati Li te bay Li soutyen.
17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak,
e ak kas sali a sou tèt Li.
Li te mete vètman vanjans kon abiman,
e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.
18  Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:
jijman ak kòlè a advèsè Li yo,
rekonpans a lènmi Li yo;
a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès
e glwa Li soti kote solèy leve a;
paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.
Se van SENYÈ a kap pouse l.
 
20 “Yon Redanmtè va vini nan Sion,
e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.
21 “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
59:1 Nonb 1:23 59:2 És 1:15 59:3 És 1:15-21 59:4 Job 15:35 59:5 Job 8:14 59:6 És 28:20 59:7 Pwov 1:16 59:8 Luc 1:79 59:10 Det 28:29 59:11 És 38:14 59:12 És 3:9 59:13 Jos 24:27 59:14 És 1:21 59:15 És 5:23 59:16 Sòm 98:1 59:17 Ef 6:17 59:18 Job 34:11 59:19 És 30:28 59:20 Wo 11:26 59:21 Jr 31:31-34